08/02/2026
🎭✨ KANAVAL JAKMÈL 2026
Demen dimanch 8 Fevriye a se gran jou Kanaval Jakmèl la, youn nan pi gwo evènman kiltirèl Ayiti 🇭🇹.
Se anba tèm « Jakmèl nan rèv nou / Jacmel dans nos rêves », vil Jakmèl ap óganize kanaval ane sa.
Nou ap pataje avèk ou kèk imaj prekarnaval ki te fèt dimanch pase a, kote madigras, gwoup dans yo, atis, gwoup popilè ak jèn yo te defile nan yon anbyans ki chaje ak koulè, chalè, lajwa ak fyète kiltirèl.
Prekarnaval la te deja anonse sa k ap tann nou demen : yon kanaval vivan, angaje, ki chaje ak imajinasyon, jan Jakmèl toujou konn ofri l deja.
Kanaval Jakmèl la se plis pase fèt :
se idantite, memwa kolektif, kreyasyon atistik ak espwa pou yon Ayiti ki leve kanpe atravè kilti li.
Radio Télé Voix Haïti (RTVH) ap rete konekte pou pote tout imaj, videyo ak enfòmasyon an tan reyèl sou Kanaval Jakmèl 2026 la.
Kredi Foto: Davidson Dauphin ak Nicollette Jeudi
Jacmel Carnaval AyitiKiltirèl