08/31/2026
𝐏𝐰𝐨𝐭𝐞𝐤𝐬𝐲𝐨𝐧 𝐒𝐢𝐯𝐢𝐥 𝐦𝐞𝐭𝐞 𝐬𝐞𝐧𝐤 (𝟓) 𝐝𝐞𝐩𝐚𝐭𝐦𝐚𝐧 𝐩𝐞𝐲𝐢 𝐚 𝐚𝐧𝐛𝐚 𝐚𝐥𝐞̀𝐭 𝐣𝐨̀𝐧 𝐚𝐤𝐨𝐳 𝐩𝐚𝐬𝐚𝐣 𝟑𝟖𝐞̀𝐦 𝐎𝐧𝐝 𝐓𝐰𝐨𝐩𝐢𝐤𝐚𝐥 𝐬𝐞𝐳𝐨𝐧 𝐚𝐧 𝐬𝐨𝐮 𝐫𝐞𝐣𝐲𝐨𝐧 𝐊𝐚𝐫𝐚𝐲𝐢𝐛 𝐥𝐚
𝐃𝐢𝐦𝐚𝐧𝐜𝐡 𝟑𝟎 𝐃𝐚𝐰𝐨𝐮𝐭 𝟐𝟎𝟐𝟔.- Direksyon Jeneral Pwoteksyon Sivil, ansanm ak Sekretarya Pèmanan k ap Jere Risk Dezas yo, mete depatman Lwès, Sant, Sid, Sidès ak Latibonit anba alèt jòn pou gwo lapli, apre Inite Idwometeyowolojik Ayiti konfime prezans ak pasaj 38èm Ond Twopikal sezon an, ki se rès Tanpèt Twopikal Dolly, sou rejyon Karayib la.
Dimanch apremidi, Ond Twopikal sila te twouve li tou pre Pòtoriko ak Zilvyèj, pandan l ap deplase nan direksyon lwès ak yon vitès anviwon 40 kilomèt alè.
Dapre previzyon Inite Idwometeyowolojik Ayiti, soti demen lendi apremidi 31 Dawout la rive madi 1ye Septanm, sistèm nan kapab pote anpil lapli, kout loray ansanm ak gwo van, sou plizyè depatman nan peyi a.
Direksyon Jeneral Pwoteksyon Sivil, ansanm ak Sekretarya Pèmanan k ap Jere Risk Dezas, yo lanse ofisyèlman alèt jòn pou gwo lapli pou depatman Lwès, Sant, Sid, Sidès ak Latibonit, poutèt Ond Twopikal la ka lakoz inondasyon, deboulonnay tè, glisman teren epi ravin ak larivyè yo desann.
Direksyon Jeneral Pwoteksyon Sivil mande popilasyon ki nan depatman ki konsène yo pou yo respekte konsiy sekirite sa yo:
* Swiv tout bilten meteyo epi respekte konsiy otorite yo. Pa koute rimè;
* Pa kanpe anba pye bwa ni poto limye lè gen loray;
* Pa janm travèse rivyè, ravin ak zòn inonde yo, apye, sou moto oswa nan machin;
* Evite zòn ki abitye gen inondasyon ak glismann teren;
* Mete zafè enpòtan nou an sekirite pou van pa pote yo ale.
-𝐅𝐢𝐧𝐢𝐬𝐦𝐚𝐧.-