13/09/2026
Denoil ANTENOR, Cernéus BERTRAND ak Jonas COLIN se 3 kandida pou pòs senatè Òganizasyon Pèp kap Lite OPL chwazi nan kad yon eleksyon primè ki fèt samdi 12 Septanm nan sou depatman Sidès.
Anpil kesyon ap poze sou ansyen majistra Denoil ke yo kwè kap gen difikilte fas ak dekrè elektoral la ki te egzije demisyon ajan enterimè ki swete pote yo kandida. Majistra Denoil pat janm demisyone.
Yo kesyone chwa Bertrand pou angajman ak ankraj politik yo kwè li manke pou bay gwo rezilta nan eleksyon yo, byenke li ka konte sou KROSE, kote lap travay kom teknisyen depi plizyè ane.
Pou Jonas Colin, anpil moun te wè limit li kòm yon moun ki ta ka pote l kandida pou majistra kominal, jan l te tante fè sa nan ane 2015 yo. Epòk sa a, li te antre kandidati li paske yo pat aksepte l kòm premye manb nan katèl la.
Jounen jodi a, yo wè mouche Colin kòm yon moun ki konte sèlman sou kapasite ekonomik li pou vin senatè, san popilarite ak ankraj politik sou depatman Sidès la.