DWENN COLAS

DWENN  COLAS photography a photography . vidéaste

11/08/2026

Nou pase envite w nan seremoni Gradyasyon Etidyan nou yo.

Jou k ap 28 Dawout 2026
A 3:00 pm
L 'Eglise De Jesus Christ Des Saints Des Deniers Jours.m, Ville Leogâne.

24/06/2026

Dèyè chak drapo k ap flote, gen yon pèp. Dèyè chak Grenadye k ap antre sou teren an, gen yon istwa, yon rèv, ak yon peyi ki pa janm sispann leve kanpe. Jodi a se dènye batay nou nan Mondyal la, men lespri Grenadye nou yo rete menm jan ak lespri zansèt nou yo ki te konn kanpe goumen ak kouraj, diyite ak detèminasyon. Nou pral bay tout sa nou genyen sou teren an, jouk dènye kout siflèt la, pou kontinye onore koulè ble e wouj la.

Mèsi ak tout konpatriyòt nou yo atravè kat kwen mond lan pou lanmou, sipò ak fidelite nou montre ekip la depi premye jou a. Kontinye mache ak nou, kontinye kwè, kontinye pote Ayiti nan kè nou. Jodi a ankò, ann fè yon sèl kò, yon sèl vwa, anba yon sèl drapo. Kèlkeswa rezilta a, Grenadye yo ap goumen jiskobou, pou tè Papa Desalin nan, pou nou tout alawonnbadè. Grenadye Alaso!

19/06/2026

Gen drapo nou konn prete pou n kriye vi pou ekip moun. Gen drapo nou pote nan kè n, ki gen menm koulè ak san nou, nou pa bezwen prete. Ki tou pou nou. Ki sanble ak nou. Ki mare nan senti nou depi nou fèt. Ki swiv nou tout kote n ale e ki ap rete pa nou, nenpòt jan sa ta ka ye !!!

Ronaldo pitit Soniaa pa p sou teren, Ronaldinho ki konn danse sanmba ak boul la pa p la, Rivaldo pran retrèt li lontan, Dida depoze gan yo e pa dat, men Gwo Manman, rete Gwo Manman !

E jodia, nou tout ansanm, an 12 milyon kretye vivan, n ap louvri bra nou pou n di Gwo Manman, men nou !!! Nou pral goumen 90 minit, 5400 segond, 1èdtan 30 minit, pou n montre Gwo manman, gen gwo manman pase gwo manman, gen mòn dèyè mòn !

Grenadye ! Alasoooooo ! Nou nan Batay !

19/06/2026

Leve li jou !!! Nou gon kafe anmè pou n al bwè ak yon advèsè ! Leve leve !

Gen mòn ki parèt twò wo. Gen defi ki sanble depase fòs yon moun. Men pèp ayisyen pa janm fè bak devan ankenn fòs fènwa.

Chak pa nou fè se yon viktwa sou laperèz, sou tout sa ki te di nou li enposib.

Aswè a, fas ak Brezil, se yon lòt paj nan listwa n ap ekri. Se dezyèm match nou nan pi gwo randevou foutbòl mondyal la. Yon moman espesyal kote chak pas, chak kous, chak tak, chak gout swe ap pote koulè yon nasyon ki toujou kanpe malgre tout van ki soufle sou li.

Nou rive la ansanm. Nou leve ansanm. Nou reve ansanm. E n ap kontinye avanse ansanm.

Leve li jou Ayiti.

Grenadye Alaso !

18/06/2026
13/06/2026

Leve li jou !!! Leve leve, menm si depi 18 novanm 2025 lan lespri nou pat janm dòmi nan tann jou sa a !

Leve leve, al devan pòt kay vwazen w, di lònè, l ap reponn respè ! Wete chapo w, wete sapat nan pye w, rantre bal akolad ! Di l men jou a rive ! Di l NOU NAN BATAY !

La p sèvi w kafe nan yon gode emaye, pran kasav oswa kabich ou, pen rale oubyen biskwit, si se tranpe w renmen, tranpe ! Apre bwè ti dlo epi leve je w gade mòn nan, di lanati bonjou ! Di zansèt yo men jou a rive !

Manche koulin ou si w pral nan jaden, pase djakout ou sou do w si w pral nan mache, sere ne kravat ou si w se kesyè labank, pran baton krè w si w se pwofesè. Machann, sonje pran t**e w met sou tèt ou ! Jodia nou tout se yon sèl !!! Nou tout dwe fè yon sèl ! NOU TOUT SE GRENADYE !

Nou pral fè linyon fè lafòs la tounen refren im nasyonal la jodia !

10/06/2026
29/04/2026

Adresse

Port Leogane
6210

Téléphone

+50943846632

Site Web

Notifications

Soyez le premier à savoir et laissez-nous vous envoyer un courriel lorsque DWENN COLAS publie des nouvelles et des promotions. Votre adresse e-mail ne sera pas utilisée à d'autres fins, et vous pouvez vous désabonner à tout moment.

Contacter L'entreprise

Envoyer un message à DWENN COLAS:

Raccourcis

Partager