Tchaka MEDIA

Tchaka MEDIA Tchaka Média se enfòmasyon nasyonal ak entènasyonal 🌎

07/06/2026

🤔

OAVCT Wanament fete manman yo vandredi 29 me 2026Nan kad selebrasyon fèt manman ki pral fèt dimanch 31 me 2026 la, direk...
29/05/2026

OAVCT Wanament fete manman yo vandredi 29 me 2026

Nan kad selebrasyon fèt manman ki pral fèt dimanch 31 me 2026 la, direksyon OAVCT Wanament lan te òganize vandredi 29 me 2026 yon moman espesyal pou fete manman k ap travay nan biwo a.

Pandan aktivite a, direktè biwo a te reyini ak plizyè manman kote li te remèt yo kado kòm siy apresyasyon pou travay ak efò yo bay chak jou nan sèvis la. Jès sa a te pote anpil kè kontan nan mitan anplwaye yo.

Pami fanm ki te montre satisfaksyon yo, te genyen Madam Wideline Cameus ki te felisite direktè a pou bèl inisyativ sa a. Li fè konnen se premye fwa depi li ap travay nan biwo a li wè yon aktivite konsa fèt espesyalman pou onore manman yo.

Li pwofite remèsye direksyon an pou konsiderasyon ak respè yo montre anvè fanm ki ap sèvi nan enstitisyon an. Aktivite sa a te dewoule nan yon bon anbyans pandan tout moun ap prepare yo pou selebre fèt manman yo atravè peyi a.

Gwoupman Fanm Revòlte pou Devlopman (GFRD), avèk sipò Inyon Ewopeyèn atravè pwogram PAIESC, lanse ofisyèlman yon gwo pwo...
26/05/2026

Gwoupman Fanm Revòlte pou Devlopman (GFRD), avèk sipò Inyon Ewopeyèn atravè pwogram PAIESC, lanse ofisyèlman yon gwo pwojè ki vize ranfòse dwa fanm vilnerab yo epi ankouraje sante seksyèl ak repwodiktif pou jèn fi ki gen laj 12 rive 17 an.

Pwojè sa a ki pote non « Ranfòsman dwa fanm vilnerab yo ak pwomosyon sante seksyèl ak repwodiktif lakay jèn fi 12 rive 17 an », ap reyalize nan komin Wanament ansanm ak seksyon kominal li yo pandan yon dire 12 mwa, soti 1ye me 2026 pou rive 30 avril 2027.

Atravè inisyativ sa a, plizyè aktivite sansibilizasyon, fòmasyon ak akonpayman pral òganize pou ede jèn fi yo ak fanm vilnerab yo pi byen konnen dwa yo, konbat vyolans ki fèt sou fanm, epi jwenn plis enfòmasyon sou sante seksyèl ak repwodiktif.

Responsab pwojè yo fè konnen objektif la se ede jèn fi yo pran plis konsyans sou lavi yo, jwenn plis pwoteksyon epi kreye yon pi bon anviwònman pou yo nan kominote yo.

Pwojè a finanse pa Inyon Ewopeyèn e li reprezante yon gwo opòtinite pou ranfòse pwoteksyon dwa fanm ak tifi nan depatman Nòdès peyi Dayiti.

25/05/2026

Ministè santé public lanse ofisyèlmà vaksen kont Diphtérie nan depatman nodes

25/05/2026

Plateforme Genre Du Nord Est PGNE
Cérémonie de Remise de Certificat et d'activités Generatrices de Revenus.

plusieurs bénéficiaires expriment son satisfaction.

25/05/2026

Remesiman

24/05/2026

Anfas Reyalite Agr Nahum bay tout verite sou lavi l

Dimanch 24 Mai 2026Yon Tèrib Aksidan sikilasyon sou Wout Nasyonal nimewo 6 la Anfas Inivèsite Limonad la , lakoz yon Jèn...
24/05/2026

Dimanch 24 Mai 2026
Yon Tèrib Aksidan sikilasyon sou Wout Nasyonal nimewo 6 la Anfas Inivèsite Limonad la , lakoz yon Jèn Gason Pèdi Lavi li

Daprè kèk moun nan lokalite Ti Koulin nan se ta va Diedovens Blanc yon machin ta retire lavi li pandan li te sou yon Moto ap pran direksyon Limonad.

Adresse

Rue Espagnole
Ouanaminthe
2210

Site Web

Notifications

Soyez le premier à savoir et laissez-nous vous envoyer un courriel lorsque Tchaka MEDIA publie des nouvelles et des promotions. Votre adresse e-mail ne sera pas utilisée à d'autres fins, et vous pouvez vous désabonner à tout moment.

Partager