08/09/2018
*❤❤❤Le Destin de l'Amour❤❤❤*
_Feuilleton écrit par : Stivens AlDOR, dit, Danielo_
_Remerciements : Mc DANIELO Création - C-JA_ 👉🏽 Club des Jeunes en Action
_Sponsors : Mc DANIELO Création -_ _Émission A Nous les Jeunes._
*Épisode 1*
*Rosalitha Boreno Yon bèl dmwazèl po* *jòn, dan Blan, jansiv vyèlèt , e bèl* *kò , li gnyn 20 lane sèlman, li se pitit* *Grabriel Boreno , ki se Yon ayisyen* *dorijin italyen ak Rosie Colin ki se* *Youn nan pi gran fanmi nan peyi* *dayiti, Yon bèl fanm kreyol. Moun sa yo* *te marye, yo c 2 entreprenè * *ansanm yo te gen : Maison de voiture - Restorant - Hôtel -* *ak anpil lòt antrepriz. Yo t abite Pétion-ville yo tap* *mennen Yon vie de luxe. Rosalitha Pat manke manke* *anyen...*
*Yon lot kote Pablo Justin gnyn 20 lane* *bèl ti gason san repwoch ,bèl* *koulè grand yeux, e trs attirant , bò lakay* *li yo t bal Yon ti nom " ti milat"* *tlman li bèl ti gason, men se pitit* *Yon malere ki rele Alfredo Justin,* *se Yon granmoun ki gn anpil prensip e* *se konsa li leve Pablo, yo te rete bisantnè, Yon* *zòn bidon, sal* *e maltrete...*
*Istwa a kòmanse....*
*Rosalitha apèn rantre lakay li ak Yon jwa*
*Rosalitha :* Maman! Maman! J'ai réussi
*Rosie :* (Contente) oooh merci Dieu, Que ton nom soit louer, combien de points as-tu obtenu chérie?
*Rosalitha :* (f***e de joie) 1058 , Désormais vous allez m'acheter la voiture que papa et toi m'ont promis, et je veux à ce que vous teniez vos promesses
*Rosie :* bien sûr chérie, ton père et moi tiendrons notre promesse
*Rosie :* je suis fière de toi chérie
*Rosalitha :* Merci manmi💋
*Rosie :* lè papaw sòti a Turin lap baw machine nan, kitem al anonsel sa
*Rosalitha :* non manmi , je m'en occupe, kitem anonsel sa avan
*Rosie:* ok cherie
*Pandan Rosalitha ak Rosie ap eseye* *rele Gabriel nan telefòn, Yon lòt bò* *Pablo apèn sot pran rezilta ekzamen filo* *l nan lise Tousen ak yo kè* *vrèman kontan*
*Pablo :* (lap mache vit epi lap pale ak Yon jwa nan kèl) mèsi Bondye gras a ou m franchi Yon Etap nan vim
*Apre kèk minit li rive nan garaj la, kote* *lap degajel li menm ak zanmi l* *James pou yo ka viv*
*Pablo :* (Tris) James m pa pase non bro
*James :* (sezi) an an c pré sentiment sa m t gnyn dpim maten an ebyn dpi lhm t frap zòtèy goch mwn an, m t santi gn Yon move nouvel kap vini
*Pablo :* (Rire) move nouvèl la , se tèt ou m wè ki pa klè
*James :* kòman sa bro?
*Pablo :* paske mwen Pablo m pakonn al nan ekzamen ofisyèl 2 fois, m loreya pou lise a ui bro
*James :* (sezi e rire) benh poukisa ou oblig ap fèm imajine an ven an
*Pablo ak James (bay Yon gwo akolad)*
*Rosalitha ap* *dyaloge ak Rosie*
*Rosie :* papaw ap rantre apre 2 semèn, fok mwen prepare retoul , map fèl yon surprise.
*Rosalitha :* wi manmi , apr Yon mois d voyage, hummm!!! manmi ki surprise wap fè papim la?
*Pandan Rosie pral reponn, telefòn* *Rosalitha pran sonnen* *(Klin...Klin...) Se* *Andréa ki relel Yon zanmi l, kondisip li*
*Rosalitha :* Androu
*Andréa :* (rire) Loreyat la
*Rosalitha :* (rire) aaaah tout baz la fè 1000 points
*Andréa :* Sèl nou ki konsa, m fèk sot pale ak Jenny li dim se ansanm nou tal dèyè rezilta a
*Rosalitha :* ui sista ou menm ak Rachelle pa la, humm!!! Nou mankem ui franchman
*Andréa :* map vini nan fen mwa a ui bb, dpi yo bay rezilta vakans fini ui, e manmi ki retem ui ki fhm poko vini, ah mwn m pa menm renmn etazini non, peyi kapitalis sa
*Rosalitha :* map tann ou ok sista
*Andréa :* ok sèm nap pale
*2 semèn apre*
*Rosalitha ak Rosie ap prepare yo, pou* *yal chache Gabriel Airport (Toussaint* *Louverture) kap sot en Italie*
*Rosie :* Rosa chérie dépêche toi
*Rosalitha :* oui manmi, j'arrive.
*Yon lòt bò*
*Nan pòt kay Alfredo* *(Toc...Toc)*
*Alfredo :* kiyès svp?
*Elida :* se Elida wi dodo (Elida c Yon granmoun vwazinay Alfredo ki se pi bon zanmi l sou katye a)
*Alfredo :* oh! Elida antre nn
*Elida :* kòman ye menm?
*Alfredo :* nap fè efò ui, malgre m toujou gn Yon ti doulè d tanzantan, apaw pa chita ou pa etranje pou isi a non
*Elida :* ( ti souri) ok mèsi, kote Pablo? Kman l ye?
*Alfredo :* Pablo byen ui, li pala li dwe nan garaj la ak zanmi l James
*Elida :* Podyab Pablo, Yon ti gason ki vrèman entelijan, li fini etid li la, fok ou ankourajel pou la pran chans nan Youn nan fakilte leta yo wi dodo
*Alfredo :* wi, okntrè yèswa m tap pale sa avèl
*Elida :* Dodo m panc Pablo pa Yon timoun anko, ki donk ou dwe bal verite a
*Alfredo :* svp Elida pa vin rekòmanc ak dosye sa anko, m t dja diw , m pa gn anyn map di e rakonte Pablo
*Elida :* men non Dodo ou paka ret ap viv nan manti avèl pandan tout sa yo
*Elida :* Se yon konsèy m ba ou men se pa Yon lòd
*Alfredo t kouche li fè yon ti chita*
*Alfredo :* (fache) banm diw Yon bagay Elida, pou tout respè m gen pou ou, e pou dat nou byen, m pa swete se sa ki ta dwe kraze amitye nou, rann mwen Yon sèvis pa pale bagay sa avèm anko, pask m pa anvi e m pa konte di Pablo pyès verite
*Se nan menm moman an Pablo* *tap rantre li tou tande sa Alfredo di a*
*Pablo :* Papa d ki verite wap pale a?
*Elida e Alfredo youn* *gade lòt (sezi)...*
*À suivre...*
*Feuilleton écrit par DANIELO*