25/10/2026
Yon koup kretyen pa mezire fòs lanmou yo sèlman nan bèl pawòl yo di youn lòt, men nan fason yo trete youn lòt lè lavi a vin difisil. ❤️🙏
“Lè Bondye mete de moun ansanm, se pa pou yo fè konpetisyon pou wè kiyès ki gen rezon, men pou yo aprann renmen, padone, priye epi grandi ansanm. Yon mari dwe fè madanm li santi li gen valè, yon madanm dwe ede mari li grandi, epi toude dwe sonje yo pa lènmi youn pou lòt. Paske nan yon maryaj ki chita sou Bondye, viktwa youn se viktwa lòt la. Pa kite ògèy kraze sa lapriyè te ede nou konstwi.”
📖 Vèsè biblik: “Se pou youn sipòte lòt, se pou youn padone lòt, si youn gen kont ak lòt. Menm jan Kris la padone nou, se pou nou fè menm jan an tou.”
Kolosyen 3:13
Leson an: Pa chèche genyen kont mari oswa madanm ou. Chèche genyen kè li. Yon koup ki mete Bondye nan mitan relasyon yo dwe aprann pale avèk respè, koute avèk pasyans epi padone avèk lanmou. ❤️
Pastè Yvens ak Madanm Pas