04/05/2026
🔴 Haïti prezante kòm yon paradi kache selon plizyè enfliyansè entènasyonal
Enfliyansè nijeryen Sunjohn Nwose fè gwo deklarasyon sou bote ak potansyèl Ayiti, pandan li ap ankouraje moun atravè lemond pou vin dekouvri peyi a.
Dapre li, Ayiti se yon vrè paradi yo pa montre ase nan medya entènasyonal yo. Li esplike ke gen yon imaj negatif yo souvan bay sou sekirite peyi a, ki ta ka dekouraje envestisè ak moun ki ta renmen vin viv oswa pran retrèt yo la.
🗣️ “Yo pa vle montre bèl imaj Ayiti paske se la ki paradi a,” li deklare. Li ajoute ke anpil moun ap pè vini akoz enfòmasyon yo tande, pandan ke reyalite a diferan lè yo rive sou plas.
Enfliyansè a lanse yon apèl klè bay kominote entènasyonal la pou vini envesti nan peyi a, dekouvri richès natirèl li yo, epi pwofite yon anviwònman li dekri kòm inik ak atiran.
Selon li, nenpòt moun ki vizite Ayiti gen gwo chans pou tonbe damou de peyi a, gras ak kilti li, peyizaj li, bèl plaj yo ak chalè pèp li.
👉 Yon mesaj ki relanse deba sou jan Ayiti prezante sou sèn entènasyonal la, epi sou opòtinite ki ka egziste pou devlopman ekonomik atravè touris ak envestisman.