Medya Tomasik talan

Call Directions

Medya Tomasik talan LA VILLE QUI VOUS ACCUEILLE

RELE MEDYA A NAN NIMEWO SA (+509-41-31-97-99)
POU TOUT SÈVIS NAP BEZWEN TANKOU ANONS,ANTÈMAN , VÈY, MARYAJ, KOMINYON ,BATÈM , GRADIASYON,INOGIRASYON,REPORAJ, IMAJ AVÈK DWON, FESTIVAL, ECT....
MEDYA TOMASIK TALAN 🔥(A.J PROD).

NOU REKONÈT MESYE SA? KIJANL RELE? NB: LI SE MOUN TOMASIK KAP VIV ALRTRANJE LI SE ANSYEN TANBOURINÈ  JAZ LIKID KONPA MAL...
11/03/2026

NOU REKONÈT MESYE SA?
KIJANL RELE?

NB: LI SE MOUN TOMASIK KAP VIV ALRTRANJE LI SE ANSYEN TANBOURINÈ JAZ LIKID KONPA MALEREZMAN KI PA EKZISTE ANKÒ SAGEN PLIZYÈ ANE !

MEDYA TOMASIK TALAN 🔥
POU YON LOT TOMASIK

11/02/2026

KÈK IMAJ NAN PASAJ MWEN NAN SIMETYÈ MONDÈN KALFOU LEDAN AN NAN ENCH KI POTE NON PAK DE LAVI

MEDYA TOMASIK TALAN 🔥
POU YON LOT TOMASIK

11/02/2026

WAWWWW TIMOUN YO BÈL

MEDYA TOMASIK TALAN🔥
POU YON LOT TOMASIK

11/02/2026

KITE YON TIMO POU PDG MEDYA A !

MEDYA TOMASIK TALAN 🔥
POU YON LOT TOMASIK

11/01/2026

MEDYA TOMASIK TALAN AP SELEBRE 2 AN!

Chè abòne, patnè, zanmi ak tout moun nan komin Tomasik la,

Se avèk anpil lajwa ak rekonesans n ap anonse nou ke demen maten, 1ye novanm 2026, se fèt Medya Tomasik Talan! Nou pral selebre 2 lane travay, angajman ak sèvis nan kominote nou an.

Pandan 2 lane sa yo, nou fè tout sa nou kapab pou enfòme, ankouraje, valorize epi fè komin Tomasik la briye atravè travay medyatik nou. Tout sa pa t ap posib san konfyans nou, sipò nou ak fidelite nou.

Nou remèsye chak moun ki te kanpe bò kote nou depi nan kòmansman jiska jounen jodi a. Dezan sa yo se pa sèlman yon viktwa pou Medya Tomasik Talan, men se yon viktwa pou tout kominote a! 🔥❤️

Nou envite nou kontinye mache avèk nou, paske pi bèl bagay yo toujou devan nou.

MEDYA TOMASIK TALAN 🔥 Pou yon lòt Tomasik! 🇭🇹

NOUVO ÒPDÈT SOU LOGO MEDYA POU 2AN PLATFOM NAN ! MEDYA TOMASIK TALAN 🔥Pou yon lòt Tomasik! 🇭🇹
11/01/2026

NOUVO ÒPDÈT SOU LOGO MEDYA POU 2AN PLATFOM NAN !

MEDYA TOMASIK TALAN 🔥
Pou yon lòt Tomasik! 🇭🇹

10/29/2026

🏥 ANONSE OFISYÈL

📢 YON NOUVO SANT SANTE NAN KOMIN TOMASIK!

🏥 KLINIK MEDIKAL BETHESDA AP LOUVRI PÒT LI VANDREDI MATEN SOU BELÈ!

Medya ap enfòme tout popilasyon Tomasikwaz la ak zòn ki antoure l yo sou ouvèti yon nouvo sant sante nan komin nan. Klinik Medikal Bethesda, ki chita nan zòn Bèlè, ap ouvri pòt li vandredi maten pou resevwa tout kalite Moun nan popilasyon an.

Klinik sa a pral ofri plizyè sèvis medikal pou ede reponn ak bezwen sante popilasyon an.

Men diferan sèvis klinik la ofri:

✅ Konsiltasyon jeneral ak espesyalize
✅ Ekografi
✅ Tès PAP
✅ Sèvis laboratwa
✅ Famasi
✅ Swivi gwosès ak akouchman
✅ operasyon minè

🚨 SÈVIS IJANS 24 È SOU 24

📍 Kote: Bèlè, komin Tomasik
📞 Pou plis enfòmasyon: 4874-7294

Medya AP envite popilasyon an pran nòt enfòmasyon sa a epi pataje l pou plis moun nan komin nan ka konnen nouvo sèvis sante sa a.
Staf medya deja swete Klinik Medikal Bethesda anpil siksè pou sèvi li pral bay popilasyon an.

MEDYA TOMASIK TALAN🔥
Pou yon lot tomasik

🕊️ AVI LANMÒ 🕊️Se avèk anpil tristès Medya Tomasik  anonse lanmò Mesye ACREUS CELESTIN, ki kite nou jou ki te 27 oktòb 2...
10/29/2026

🕊️ AVI LANMÒ 🕊️
Se avèk anpil tristès Medya Tomasik anonse lanmò Mesye ACREUS CELESTIN, ki kite nou jou ki te 27 oktòb 2026 la, nan laj 74 an.
Li te fèt 13 jen 1952. Nou voye senpati nou bay fanmi li, zanmi li ak tout pwòch li ki nan lapenn.
🕯️ Se pou nanm li repoze an pè.

Medya Tomasik talan 🔥
Pou yon lot tomasik

ESKE NOU REKONET MESYE SA KISA NOU KA DI DELI ? MEDYA TOMASIK TALAN 🔥POU YON LOT TOMASIK
10/26/2026

ESKE NOU REKONET MESYE SA KISA NOU KA DI DELI ?

MEDYA TOMASIK TALAN 🔥
POU YON LOT TOMASIK

Address

Toronto, ON

Telephone

+50941319799

Website

Alerts

Be the first to know and let us send you an email when Medya Tomasik talan posts news and promotions. Your email address will not be used for any other purpose, and you can unsubscribe at any time.

Shortcuts

Share

Category