04/07/2026
Yon jou, se sèlman souvni yo kap rete
Nou pase anpil tan ap travay pou bati lavi nou. Nou achte tè, nou bati kay, nou fè sakrifis pou fanmi nou. Men gen yon bagay nou souvan bliye: **souvni yo se pi gwo eritaj nou.**
Yon foto pa gen anpil valè jou li fèt la, men kèk ane aprè, lè yon moun pa la ankò, lè timoun yo fin grandi, lè lavi a chanje se foto sa a ki vin tounen youn nan bagay ki gen plis valè.
Se poutèt sa Big S Visuals pran chak kliyan, chak evènman ak chak fanmi kòm yon istwa ki merite rakonte ak respè, pasyon ak pwofesyonalis.
Pa tann yon okazyon espesyal pou konsève sa ki gen plis enpòtans. Chak jou ou viv se yon paj nan istwaw.
Big S Visuals de Trou-du-Nord
Nou pa vann foto. Nou prezève sa tan pap janm ka retounen.