Centre Moderne Durologie et Doto-Rhino-Laryngologie

Centre Moderne Durologie et Doto-Rhino-Laryngologie Informations de contact, plan et itinéraire, formulaire de contact, heures d'ouverture, services, évaluations, photos, vidéos et annonces de Centre Moderne Durologie et Doto-Rhino-Laryngologie, Appareil photo/photo, #116, Rue Louverture, Saint-Marc.

Centre médical privé spécialisé qui offre les services suivants : Oto-Rhino-Laryngologie(ORL), Urologie, Programme de Lutte contre le cancer de la prostate, Sonographie, Laboratoire médical, Pharmacie, Boutique médicale et Biopsie.

25/04/2026
13/04/2025

Edikasyon Medikal Ak Dr. Jude CELERIN
Byen Enfòme Pouw Konnen Sa Pouw Fè Pou Pwoblèm Ou An Ka rezoud..
36 97 1622 /3820-2320 /4075-9777

28/12/24Kado Pou Fen Ane A Pou Yon Adolesant Ki Tap Soufri. Diagnostic: Sinusite Maxillaire Purulente / Hypertrophie Des...
29/12/2024

28/12/24
Kado Pou Fen Ane A Pou Yon Adolesant Ki Tap Soufri.
Diagnostic: Sinusite Maxillaire Purulente / Hypertrophie Des Cornets
Opération: Cald Well Luc Droite Turbinectomie Bilatérale

Centre Moderne d’Urologie Et D’ORL Ki Nan Chemen Nèf Senmak Se Centre De Référence Nan Peyi A Pou Tout Pwoblèm Nen, Gòj, Zòrèy, Sinis, Kou, Vizaj.. Spécialiste ORL la Ki Se Dr. Manette Ulysse Ap Tann Ou Poul Rezoud Pwoblèm Ou An . Nou La Poun Rezoud Pwoblèm Reyèl.. Sa Medikaman Pa Ka Fè, Nap Fèl Ak Bistouri……
Kontakte Nou Sou 3820-2320/ 3697-1622/ 4075-9777

30/11/2024

🗝️Edikasyon Medikal Ak Dr. Jude CELERIN
Kòman Eta Santew Ye Pou Fen Ane 2024 La E Kòman Wap Rantre Nan 2025 La?
Vini Fè Yon Check-up Pou Mwa Desanm Nan Nan CENTRE MODERNE D’UROLOGIE ET D’ORL ki nan Chemen Nèf Senmak.
Kontakte Nou Sou 3697-1622/3820-2320/4075-9777
Santew Se Pi Gwo Byen Ou Genyen🗝️

🗝️03/08/24Ou Menm ki Gen Yon Timoun Ki Pa Respire Byen, Li Dòmi Ak Bouch Li Tou Louvri, Li Wonfle Lannwit, Li Gen Yon Ri...
03/08/2024

🗝️03/08/24
Ou Menm ki Gen Yon Timoun Ki Pa Respire Byen, Li Dòmi Ak Bouch Li Tou Louvri, Li Wonfle Lannwit, Li Gen Yon Rim Tanzantan, Doulè Nan Gòj, Difikilte Poul Vale Elatriye, Vini Ak Li Nan CENTRE MODERNE D’UROLOGIE ET D’ORL Ki Nan Chemen Nèf Senmak. Se Centre De Solution Pou Jan De Pwoblèm Sa Yo.. Nou Rezoud Pwoblèm Reyèl..

🔥Imaj Wap Gade La, Se Amigdal Ki Nan Bouch Yon Pasyan (Yon Timoun), Lè Yo Anfle Tanzantan sa rele amigdalit, Sa Bay Sentom Nou Sot Mansyone Yo. Pou Evite Ou Mache Monte Desann Lopital Tanzantan Ak Timoun Nan, Se Opere Poul Opere Pou Pwoblèm Nan Rezoud Yon Fwa Pou Tout. Operasyon Sa Nou Fè Jodia Rele Amigdalektomi, Sa vle di Nou retire Tou 2 amigdal Yo E Timoun Nan pral respire e domi alèz. Li Pap Janm Gen Pwoblèm Sa Ankò..Lè Medikaman Pa Ka Rezoud Pwoblèm Nan, Nou Rale Bistouri A Pou Jere Sa.

NB: Ni Timoun Ni Granmoun Ka Opere De Amigdal.

CENTRE MODERNE D’UROLOGIE ET D’ORL, Se Sant De Referans Nan Domèn Sa..
Adrès Nou Se Chemen Nèf, Senmak, Tou Prè Gaz Grand Jehova.. Nou Louvri De Lendi a Vandredi 8h-4h E Nan Week-end Si Gen İjans.

Pwofite Jwi Privilèj Sa!
Si Pwoblèm Ou Gen Nan Nen, Gòj, Zòrèy, Cou, Vizaj Ak Nan Sinis (Sinusite) Lan Pa Rezoud Petet Se Paskew Pako Potel Ba Nou Rezoud Li. Pa Neglije Vini Paske Se Pou Sa Nou Tal Fè 10-11 Lane Ap Etidye Nan Peyi Kiba.. Nou La Poun Rezoud Pwoblèm Reyèl.. Espesyalis Yo Ap Tann Ou. Nou Kwè Nan Sèvis Nap Ofri A..

🗝️Kèlkeswa Pwoblèm Iwolojik Ou Genyen, Sant Sa Se Solisyon An.. Siw Bezwen Fè SONOGRAFI De Kalite, Solisyonw Nan Menw..

Pou Plis Enfo, Pase Nan Sant Lan Oubyen Fè Yon Rezèvasyon Sou 3697-1622/38202320/4075-9777

Pa Rete Ap Soufri!
Pa Kite Timoun Yo Ap Soufri!
Vini Nan Sant La!

Byenvini !

📌Ka Enteresan E Ki Trè Trè RaJodia Nan « CENTRE MODERNE D’UROLOGIE ET D’ORL » Mwen Resevwa Yon Pasyan 62 Lane Ki Te vin ...
26/07/2024

📌Ka Enteresan E Ki Trè Trè Ra

Jodia Nan « CENTRE MODERNE D’UROLOGIE ET D’ORL » Mwen Resevwa Yon Pasyan 62 Lane Ki Te vin Konsilte Paske Sa Plizye Lane Depil Santi Yon Malèz Nan Vant Li (Se Deklarasyon Li), Li Dim lèl Peze Vant Li Nan Bò Dwat La Se Tankou Li Santi Yon Boul El Pa Santi Okenn Lòt Sentom. Li Di Li Pase Plizye Lopital El Pa Janm Konnen Reyelman Sal Genyen. Mwen Ekzamine Li E Efektivman Lèm Fè Palpasyon Pwofond Nan Vant Lan E Pi Presizeman Nan Fòs Ilyak Dwat, Mwen Note Yon Boul Ki Byen Delimite E Ki Pa Fèl Mal. Mwen Pat Jwenn Anyen Ankò De Pozitif Nan Ekzamen Fizik La. Rapidman Mwen Tè Fè Yon Ekografi (Sonografi) Abdominal Pou Li. Fwa, Fyèl, pankreya, rat, blad p**i tout te nòmal, li pat gen likid nan vant li..
Ren Dwat la te nan plas li Nan Rejyon Lonbè Dwat El genyen Lityaz ladann(Pyè). Lèm Revize Rejyon Lonbè Goch La, Mwen Pa Wè Ren Goch La El Pa Prezan Non Plis Nan Okenn kote nan bò goch vant lan. Avek anpil pasyans lèm revize Fòs Ilyak Dwat La, Mwen Wè Yon Imaj Ki Konpatib Ak Yon Ren. Sa Vle Di Ke Nan Bò Dwat La, Mwen Jwenn 2 Ren (Youn Nan Rejyon Lonbè E Lòt La Nan Fòs Ilyak), Boul Pasyan Te Santi a e Kem te Konfime Nan Ekzamen Fizik La, Se Te Yon Lòt Ren Ki Pa Nan Plas Li..

Dyagnostik La Se
: *EKTOPI RENAL KWAZE* E
*PYÈ NAN REN DWAT*

Ektopi renal Kwaze a Se Yon Malfomasyon konjenital , sa vle di pasyan Fèt avek li El Ap Ka Viv Nòmalman Ak Li Depil Pa Genyen Konplikasyon Ladann. Li Trè Trè Ra.

Ka Sa Diferan De *Ektopi Renal Senp* , Lè Sa Ren An Pap Nan Plas Li Men Lap Yon Lòt Kote Nan Menm Bò Vant Li Te Dwe Ye A.

Mwen Te Prete Anpil Atansyon A Jan De Ka Sa Paskel Pa Frekan El Ka Fè Yon Médecin Panse Ke Pasyan Gen Yon Tumeur Nan Vant Li. Fok Pwofesyonèl Kap Fè Sono A Abil Poul Fè Dyagnostik Sa.

📌Mwen Te Pran Anpil Tan Poum Te Eksplike Pasyan Poul Te Ka Konprann Sal Genyen An E Trankilizel. Li Te Rive Konprann Mwen El Te Ale Ak Kè Kontan Paskel Te Soti Nan Dout. Li An Swivi Apwopriye Pou Pyè Li Genyen Yo E Ren Ki Pa Nan Plas Li A Nap Evalyel Peryodikman Ak Sono.

📍Mwen Vle Atire Atansyonn Sou Sa: Menm Si Ou Fèt Ak Yon Ren Ki Pa Nan Plas Li, wap Ka Viv Ak Li San Pwoblèm Depil Pa Genyen Okenn Konplikasyon. Epitou Yon Moun Kapab Viv Ak Yon Sèl Ren San Pwoblèm.. Genyen Nan Nou Kap Li Mesaj Sa Ki Genyen Yon Sèl Ren Men Nou Pa Konnen Paske Nou Pa Abitye Fè Check-up.

🔥Siw Latibonit El Vle Fè Yon Check-up Medikal, Vini Tèt Frèt Nan *CENTRE MODERNE D’UROLOGIE ET D’ORL* Ki Nan Chemen Nèf Senmak, Sou Wout Nasyonal La Menm. Pase Direkteman Oubyen Rele Ou Ekri Sou 3697-1622/ 3820-2320/4075-9777 Pou Pran Yon Randevou. Espesyalis Yo Ap Tann Ou Pou Ofriw Yon Sèvis De Kalite.

Dr. Jude CELERIN
Chirurgien-Urologue
Spécialiste En MGI
Échographiste

Adresse

#116, Rue Louverture
Saint-Marc
4310

Téléphone

+50936971622

Site Web

Notifications

Soyez le premier à savoir et laissez-nous vous envoyer un courriel lorsque Centre Moderne Durologie et Doto-Rhino-Laryngologie publie des nouvelles et des promotions. Votre adresse e-mail ne sera pas utilisée à d'autres fins, et vous pouvez vous désabonner à tout moment.

Contacter L'entreprise

Envoyer un message à Centre Moderne Durologie et Doto-Rhino-Laryngologie:

Partager