20/06/2026
JODIA a, REZILTA a pa t ale jan nou te SWETE a, men yon defèt pa efase tout efò, tout SAKRIFIS ak tout travay nou fè ansanm. Foutbòl se pa sèlman GENYEN, se aprann, grandi epi jwenn fòs pou leve ankò apre chak tonbe.
Nou dwe rete fyè de tèt nou, paske nou te GOUMEN ak KOURAJ, nou te defann koulè nou ak DIYITE, epi nou te montre lespri yon vrè EKIP. Se nan moman difisil yo yo rekonèt gwo KARAKTÈ ak vrè DETÈMINASYON.
Pou tout FANATIK nou yo, nou konnen nou DESI menm jan ak nou, men nou mande nou kontinye kwè nan EKIP sa a. Sipò nou, lanmou nou ak konfyans nou se fòs ki pouse nou kontinye AVANSE.
Istwa nou pa fini, Nou pral retounen sou teren an ak plis DISIPLIN ak plis detèminasyon. Paske yon ekip pa mezire sèlman nan VIKTWA li yo, men nan KAPASITE li genyen pou leve ankò apre chak defèt. Ansanm, nou pi fò. Ansanm, nou pap janm lage.🔥💙⚽🏆👏🏾
KENBE PRESTIJ NOU🤝❤️
Modèle: Milady Djinn
___________________
CP: BRUN Richardson / Smiley
_
_______________
Mua: Manessa Manessa
______________________
Assistant: CRAZY • VYBE • STUDIO🇭🇹🇩🇴🇺🇸
______________________
Concept: Milady Djinn
Accessoires: LADY STYLE
________________________
Bière Prestige
Fédération Haïtienne de Football
______________