24/07/2024
KESYON POU GOUVENNMAN AN
Onè la repiblik
Parti FANMILAJENÈS mande ,kisa ki anpeche DG Rameau Normil kòmanse pran kontwòl teritwa pèdi yo, apre retou an fonksyon li nan tet lapolis la ?
Kisa ki anpeche gouvènnman Garry Conille la ateri deja nan bezwen popilasyon an, lèn konsidere tout jarèt entènasyonal la ak yo ?
Konbyen tann poun tann toujou, pou wout nasyonal yo debloke ? Èske Gouvènman ki laa ak patnèl yo pa kapab oubyen se estrateji yo poko jwenn pou yo tabli lòd ak otorite Leta a?
Figi jenès la finn di nan tann sekirite ,nan tann konfli politik rezoud pou yo fè ti pwojè lavni yo, nan tann kreyasyon djòb pou konbat chomaj ak lamizè kotidyen, nan tann dikte entènasyonal pou n planifye avni nasyonal Ayisyen an,nan tann,tann,tann....bwa kitanago sosyete a ap boule jouk li tounen sann.
Pandan sa yo rele pi gran yo, pran plezi gaspiye jenès la chak jou, nan pèdi tan ak dosye enpòtan nasyon an.
Tout jwèt dwe fini rapid,rapid mesye, gen yon popilasyon ki nan yon soufrans anmè kou fyèl .
FANMILAJENÈS mande gouvènman CONILLE lan ak tout KONSÈY PREZIDANSYÈL TRANZISYON AN pou yo bay bon jan lòd , asistans ak fonksyonè Leta yo ki gen responsabilite nan ijans popilasyon an ki bezwen sekou.
JENÈS LA PA KA TANN ANKÒ !
JENÈS LA BOUKE DEPAFINI !
Sekou Gouvènnman Ayisyen, Sekou Lapolis !
Wesner Jr Parent
Parti national FANMILAJENÈS