02/06/2025
Kouman nou ye fanmi’m yo ?
Mwen, bò kote pam map kenbe!
Mwen pase motive sila yo ki santi moral yo pi fèb 💡
Aprè’w finn li mesaj saa, tanpri pran yon desizyon prese prese.
—————————————————
_ Sa ki rive Mibalè a nou pat prepare pou li e nou pat janm panse ak sa tou.
Se yon leson nou pap janm bliye e kap pèmèt nou grandi plus toujou
Ok sa rive ! 🤷🏻♂️
Kisaw deside fè ?
Eske wap sispann viv pou sa ?
Eske wap kanpe gade ?
Eske’w echwe pou sa ?
Sak rive Mibalè a ta dwe motive’w pouw pran yon saj desizyon pouw chanje viw
Mwen konn anpil gro antreprenè Mibalè ki fè gro defisi 🤦♂️ sa fèm mal paske atravè envestisman yo te fè nan kominote a sa te kreye travay. FÒS ak KOURAJ pou nou mesye dam 🙏
Mwen konn anpil jèn fanm jèn manman pitit ki te e ki toujou atache a gade feyton, fè jounen ap gade tiktok pèdi tan
Mwen te konn anpil jèn gason ki pèdi tan yo nan gade football.
Tandem frèm sèm yo, mwen pa gen anyen pèsonèl ak nou, men tanpri ann fè yon ti poze sou pratik sa yo ann mete biznis ak lekol an premye pozisyon pito nou eseye kreye yon bagay kap fasilite lajan rantre nan pòch nou, kreye yon bagay ki pat egziste nan zòn kotew ye a
Jodia fè 2 mwa depi nou deyò, se vre anpil nan nou jwenn sipò fanmi yo ki nan entènasyonal la, men sipò sa yo pap trò dire paske yo menm tou yo gen problèm pa yo
Sa fè 2 mwa depi nou gaye tout kote nan peyi a, mwen kwè yon jou nou gen poun rasanble ankò, men jou saa lèl rive se pou 90% nan nou tounen gro antreprenè a gro ide e strateji biznis pou nou vinn mete men pou’n travay refè lakay nou bèl ankò, Pigaw retounen Mibalè janw te kitel la
Sikonstans difisil yo ap toujou la
Ann sèvi ak yo poun vinn pi fò chak jou
Gro mèsi a tout moun kap goumen pou rekipere lakay, Mèsi avek chak diaspora ki ede jan yo kapab 🙏
Mwen se nèg Mibalè 200%
Toutlemonde