OG Promo HAÏTI

OG Promo HAÏTI Informations de contact, plan et itinéraire, formulaire de contact, heures d'ouverture, services, évaluations, photos, vidéos et annonces de OG Promo HAÏTI, Delmas.

Promo • Event • Média 📸 🎥
📍 Haïti 🇭🇹
Nou fè biznis ou EXPLOZE
DM pou promo
📞 +509 4029-1929 4131-1797
📩 [email protected]
OG Promo Haïti Saw gen nan kòw

Zanmi pèsonèl paj la ap fêté Sacha Dumervé🤎| Black 🎊♥️ ke god la kontinye fèw briye 🤗
21/08/2026

Zanmi pèsonèl paj la ap fêté Sacha Dumervé🤎| Black 🎊♥️ ke god la kontinye fèw briye 🤗

Etranje ilegal yo ka vwayaje ak yon Sèl komdisyon si wap kite peyi a, si wap depotèt ou
21/08/2026

Etranje ilegal yo ka vwayaje ak yon Sèl komdisyon si wap kite peyi a, si wap depotèt ou

🔴 Administrasyon Donald Trump lan avèti imigran san papye yo pou yo pa pran avyon soti nan yon eta pou ale nan yon lòt a...
21/08/2026

🔴 Administrasyon Donald Trump lan avèti imigran san papye yo pou yo pa pran avyon soti nan yon eta pou ale nan yon lòt andedan Etazini, sof si se pou yo kite peyi a volontèman nan kad sa yo rele “self-deportation.”

Daprè DHS, otorite yo ap travay pou anpeche imigran ki pa gen estati legal itilize vòl domestik. Avètisman sa vini pandan prezans ajan ICE ogmante nan ayewopò yo epi TSA pataje enfòmasyon sou kèk pasaje ak otorite imigrasyon yo.

Sa pa vle di pran avyon otomatikman egal ak depòtasyon, men yon imigran san estati legal kapab idantifye, arete epi plase nan pwosedi depòtasyon.

🔴 Ministè Edikasyon Nasyonal ansanm ak FAES siyen, madi 18 dawout 2026 la, yon pwotokòl akò pou distribye 2.5 milya goud...
20/08/2026

🔴 Ministè Edikasyon Nasyonal ansanm ak FAES siyen, madi 18 dawout 2026 la, yon pwotokòl akò pou distribye 2.5 milya goud, ki reprezante anviwon 19.11 milyon dola Ameriken, bay 140,000 paran pou ede yo prepare rantre lekòl 2026–2027 la.

Chak paran ki seleksyone ap resevwa 15,000 goud, anviwon 114.67 dola ameriken, dirèkteman sou telefòn yo atravè MonCash oswa NatCash.

Sepandan, lè yo miltipliye 140,000 paran pa 15,000 goud, total la rive sèlman nan 2.1 milya goud. Sa kite yon diferans 400 milyon goud otorite yo poko esplike piblikman kijan yo pral itilize rès lajan sa.

Pou montre enpòtans montan sa, avèk 2.5 milya goud, Leta kapab konstwi anviwon 8 rive 16 lise piblik modèn, selon gwosè ak kalite enfrastrikti yo:

• 16 lise a 150 milyon goud chak.
• 12 lise a 200 milyon goud chak.
• 8 lise a 300 milyon goud chak.

Konparezon se pou ede piblik la konprann valè bidjè a.

Avni peyi a 😍❤️🇭🇹🇭🇹🇭🇹🇭🇹Abigaïl Alexandre
20/08/2026

Avni peyi a 😍❤️🇭🇹🇭🇹🇭🇹🇭🇹
Abigaïl Alexandre

Ansyen anbasadris Paryaj Pam nan ta kondane a 3 lane prizon mèkredi 19 out 2026 la, daprè enfòmasyon jounalis Thériel Th...
20/08/2026

Ansyen anbasadris Paryaj Pam nan ta kondane a 3 lane prizon mèkredi 19 out 2026 la, daprè enfòmasyon jounalis Thériel Thélus rapòte.

Daprè deklarasyon jounalis la, enfliyansez la te jwenn kondanasyon pou yon akizasyon ki gen rapò ak « asosyasyon malf€ktè ». Li fè konnen enfraksyon sa a kapab lakòz yon santans ki varye ant 3 ak 15 lane prizon.

Malgre posiblite pou yon santans ki pi lou, jij la ta chwazi enpoze minimòm legal la, sètadi 3 lane prizon.

Nouvèl la deja lakòz anpil reyaksyon sou rezo sosyal yo. Pou kounye a, piblik la ap tann plis detay sou dosye a, sitou sou akizasyon egzak yo ak kondisyon santans lan.

🔴 Daprè enfòmasyon jounalis Jacquelin Bélizaire jwenn nan men yon responsab Office National de la Migration (ONM), otori...
20/08/2026

🔴 Daprè enfòmasyon jounalis Jacquelin Bélizaire jwenn nan men yon responsab Office National de la Migration (ONM), otorite ameriken yo prevwa depòte anviwon 171 sitwayen ayisyen an Ayiti demen jedi 20 dawout 2026 la.

Vòl depòtasyon an ta dwe ateri nan Ayewopò Entènasyonal Okap la, kote responsab ONM yo ansanm ak lòt sèvis konsène yo ap tann pou resevwa epi akonpaye depòte yo.

Pou kounya, pa gen detay sou kantite gason, fanm ak timoun ki nan gwoup la. Kantite 171 lan kapab chanje tou, paske se sèlman apre avyon an ateri otorite yo ap kapab konfime kantite egzak moun ki rive yo.

Siw soti nan lari ou rantre Lakay ou anbyen toujou sonje di Bondye mèsi 🥰🙏🙏🚀🚀Tout kondisyon reyini pou mal rivew moun yo...
20/08/2026

Siw soti nan lari ou rantre Lakay ou anbyen toujou sonje di Bondye mèsi 🥰🙏🙏🚀🚀
Tout kondisyon reyini pou mal rivew moun yo pa pridan mnm nn

Se ak anpil tristès nouvèl lanmò yon jèn gason yo idantifye kòm Kenny, alyas Manno, ap sikile.Daprè enfòmasyon ki poko v...
19/08/2026

Se ak anpil tristès nouvèl lanmò yon jèn gason yo idantifye kòm Kenny, alyas Manno, ap sikile.

Daprè enfòmasyon ki poko verifye nèt, Kenny te kite Delmas 30 pou al rete Delmas 40 apre presyon b@ndi te mete sou moun nan zòn li. Yo fè konnen li te nan yon relasyon ak yon jèn fi, epi gen akizasyon ki ta vle fè kwè jèn fi a te gen koneksyon ak g@ng.

Selon youn nan vèsyon yo, b@ndi ta pran Kenny ak mennaj li pandan yo t ap soti ansanm. Yo ta t0uye Kenny epi b0ule kò li. Men, wòl egzak jèn fi a ak sikonstans kr!m nan poko klè, e se yon ankèt ki ta dwe pèmèt verifye tout enfòmasyon yo.

Ka sa a montre yon lòt fwa ankò nivo vy0lans ak ensekirite k ap frape popilasyon an, kote yon moun ka pèdi lavi li akoz anviwònman li oswa moun li frekante.

Pi gwo kesyon an rete: ki kote Leta ye pou pwoteje sitwayen yo? 🕊️

Morvan John Colem 🗣️
19/08/2026

Morvan John Colem 🗣️

Adresse

Delmas

Téléphone

+50940291929

Site Web

Notifications

Soyez le premier à savoir et laissez-nous vous envoyer un courriel lorsque OG Promo HAÏTI publie des nouvelles et des promotions. Votre adresse e-mail ne sera pas utilisée à d'autres fins, et vous pouvez vous désabonner à tout moment.

Contacter L'entreprise

Envoyer un message à OG Promo HAÏTI:

Raccourcis

Partager