12/01/2026
⚽🏆 Final Coupe Ballon de la Fiyèté – 1ère Édition Mahot 🏆⚽
Yon gwo mèsi espesyal pou tout moun ki te vin patisipe, gade, epi sipòte final Coupe Ballon de la Fiyèté, 1ère édition Mahot, ki te dewoule nan Parc Fraternité de Mahot. Se te yon match ekstraòdinè, chaje emosyon, tansyon ak pasyon pou foutbòl ⚽🔥
🎉 Félicitations pou ekip LES ESPION, ki vin chanpyon sou MACHE CHA de Goden, apre yon batay serye ki fini nan pénalité 👏🏽🏆 Nou leve chapo pou detèminasyon, disiplin ak kouraj nou montre sou teren an.
🙏🏽 Yon gwo mèsi pou tout piblik la, fanatik yo, zanmi yo ak tout moun ki te fè deplasman an. Prezans nou bay evènman an plis valè 💙⚽
🤝 Remèsiman espesyal pou sponsò yo, patnè yo ak tout moun ki te mete men pou rann premye edisyon sa a posib. San nou, rèv sa a pa t ap reyalize 🌟
✨ Sa se pa fen an, se sèlman kòmansman an. Nou kontinye avanse pou pi gwo edisyon toujou 💪🏽⚽